lundi 24 février 2020

Koman pou nou konbat pli ki sou po nou

Koman pou nou konbat pli ki sou po nou


Pli: tras sa yo ke moun pa renmen, men depiw wè yo ou konnen granmoun kòmanse antre sou ou.

-nou paka evite yo, men nou ka anpeche yo vin bonè.
Gen moun ki di "mta renmen ret jèn pandan tout vim" men domaj! Se yon bagay kap rive tout moun.


-avèk tan an nou pase pa tout emosyon: jwa, tristès, kòlè elatriye... Ki vin rann po nou fatige.

Kolajèn: ki bay po a rezistans e elastim ki fèl detire. Lè de eleman sa yo kòmanse febli yo bay nesans ak pli.

Kèk faktè ki fè moun vyeyi pi vit.

-tabak
-strès
-mal manje
-pa dòmi
-rete nan solèy
-menopoz
-alkòl
-mank dlo

Fason pou w retade yo.

Wi gen moyen pou fè pli yo vin pi ta.

_Idrate po nou
Dlo a kontribiye a debarase kò a de toksin, e kenbe kò a an sante.

_Dòmi anpil
Somèy pèmèt strès diminye e li bay enèji.

_Bwè anpil dlo
Li pèmèt sanw sikile pi byen.

_Fè spò
Lèw fè spò regilyèman fè kò a prezève misk, kraze grès pou l ka jwenn enèji kel bezwen an e soulaje pwa kò a.

_Masaj
Masaj pèmèt pli yo redwi, li amelyore somèy, soulaje doulè, redwi strès (fatig, tansyon, se sentom strès yo antipile nan kò a jiskaske yo afekte sante mantal menm jan ak fizik la.

*koman ou ka jere strès


-pran yon ti tan pou li, menm si ou reli yon liv ou renmen

-tande yon bel mizik

-fè meditasyon

-kreye bel moman

-evite fè kòlè

-fè tèt ou plezi

Libellés :

0 commentaires:

Enregistrer un commentaire

Abonnement Publier les commentaires [Atom]

<< Accueil